Apre mwen te fin rakonte nou yon lis kont lakay, "Bouki ak Malis" ou "Jan S t ak Jan Lespri." Apre mwen te fin byen eksplike nou rezon ki lak z mwen prese ranmase trez liter nou yo tankou Choukoun, Antw n Lan Gomye, Tezen, elatriye, mwen ta renmen rakonte nou yon l t ti istwa mwen te viv l m te jenn tibway ap jwe nan raje, nan chan kann, bannann, mayi ak pitimi, nan ravin, sou lakolin, anba pye m n, sou t t m n, sou lateras, sou pye bwa, anba pye bwa, nan gw t, b larivy , sou laplaj, av k "ti" zanmi m yo, my l, g p, cheni, zandolit, mabouya, ti yaya (grenouy), kribich, chadron, lasigal, papiyon, pyelou, poudbwa, v t , foumi, krik t, elatriye. Sa a, se istwa Ti Feliks g p nan bwa.